Pou Nwèl bèl (Instrumental)

Music: Wilguens Exumé/Marc Gregoire Donna Lyrics: Wilguens Exumé Epòk nwèl te konn bèl an Ayiti (Te genyen kouran) Granmoun yo t'ap Travay tout timoun yo te (Konn jwenn kado) Gad jan fèt la vin blèm 24 desanm (Sanble 2 novanm) Fèt la gen twòp plenyen An nou fè you lòt lojik pito -II- Ann sispann kwè ke Po Ton Nwèl gen you koulè Pa kwè ditou li gen You lang prefere Wet' nan lide w Ke li pa konnen doulè nou Nan fènwa m limyè w sifi pou klere
Gon w bann Ton Nwèl Ki pou fè Nwèl bèl Nan peyi mwen Gon w bann Ton Nwèl Ki pou fè Nwèl bèl Nan peyi mwen Pa tann anyen k pap janm vini Jouk lespwa tchovi yo fini Gon w bann Ton Nwèl Ki pou fè Nwèl bèl Nan peyi mwen
Kanpe pou n pwòpte Katye'n (se'w kado) Si Lameri sipòte n (Se'w kado pi rèd) Pot you soulye pou Yon timoun ki pye atè (woo) Pataje lajwa ak tout moun ou kwaze
Gon w bann Ton Nwèl Ki pou fè Nwèl bèl nan peyi men
Wet' yon timoun nan lari (se'w kado) Yon lojman pou sanzabri (Se'w kado pi rèd) Bay yon fanmi mwayen pou Li monte chodyè (woo) Vote bon lwa An nou konstwi yon bon demen