Bliye sa

Lyrics: Waahli Music: Frank O'sullivan/Waahli/Boogat/Thiago Duar Verse#1 Nou gen wa, nou gen ren nou fò, nou gen pouvwa / Se pou sa, yo te mande m ' ki jan nou pa ka chita / Se met ko, ki veille ko, gen moun ki pale twòp, se pa yo ki gade , lang yo, on ti jan pwòp / pa enkyete, lap tounen, eksperyans lan li bezwen Bouche nen ou, pou ka bwè, mem si dlo an senti / zwazo li fè nich li, kay li te kite’l ou kre li te pèdi, men non mon che men li / Piti piti pa kouri, ou se rich malere / nou ka rèdi, tankou frèdi, gade gade nou fek rive / piti tig se tig, nou gen travay pou nou fè / nou pa gen fatig, bagay sa li pi gwo pase ou Santi bon koute che, yap touche salè / gen le e sa mwen pa konnen, yo te dim lot jou Gen yo ki kon kouri, e yo pa kon kache / me lè mare a ap monte, nou we sa ka naje /
Refrain: Yo pa vle pou nou di ‘n te la Me jodi yo met bliye sa x 4
Verse#2 An mnet rad sou nou, nou pral soti aswè / lan nwit lanjèn, li semble li pap tounen granmoun / gade, gen moun chak jou, ap pouse style sou nou / jodia nou fre, nou bat fe tankou se kalalou / Mwen te fon on rèv, nou tout bezwen tande li / Mwen te gon malet, mwen t ap mache deyò, on moun mande’m / An pran pose popo, m’gade m’ reponn / se on dosye ki rele 1804 / Semble yo fou, yo pa bwè, yo vle pou’m bliye,gen le yo sou/ Map fè’o tounen lakay, gaye ou pa gen kou / gade jan nou lage sou nou an selebre tankou nou fin manje on soup joumou /
Refrain: Yo pa vle pou nou di ‘n te la Me jodi yo met bliye sa x 4
Verse#3 Leve ______Rele / gade ki jan nou kon fwette / Devan ________ Deye / Si ou an vi, mete men’u an le X2 Fon gade deye, pou n’bouje devan gade timoun yap grandi, fo kite’l pale / Fon gade deye, pou n’bouje devan pa pouse’l a mon che, on jou nou pral rive Gade moun yo di yo la / E menti yap bay kounya / Sa fe date mon che nou la, e nou pap bouje e saaa./
Refrain: Yo pa vle pou nou di ‘n te la Me jodi yo met bliye sa x 4