Music: Wilguens Exumé/Marc Gregoire Donna
Lyrics: Wilguens Exumé
Epòk nwèl te konn bèl an Ayiti
(Te genyen kouran)
Granmoun yo t'ap
Travay tout timoun yo te
(Konn jwenn kado)
Gad jan fèt la vin blèm 24 desanm
(Sanble 2 novanm)
Fèt la gen twòp plenyen
An nou fè you lòt lojik pito
-II-
Ann sispann kwè ke
Po Ton Nwèl gen you koulè
Pa kwè ditou li gen
You lang prefere
Wet' nan lide w
Ke li pa konnen doulè nou
Nan fènwa m limyè w sifi pou klere
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen
Pa tann anyen k pap janm vini
Jouk lespwa tchovi yo fini
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen
Kanpe pou n pwòpte
Katye'n (se'w kado)
Si Lameri sipòte n
(Se'w kado pi rèd)
Pot you soulye pou
Yon timoun ki pye atè (woo)
Pataje lajwa ak tout moun ou kwaze
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl nan peyi men
Wet' yon timoun nan lari (se'w kado)
Yon lojman pou sanzabri
(Se'w kado pi rèd)
Bay yon fanmi mwayen pou
Li monte chodyè (woo)
Vote bon lwa
An nou konstwi yon bon demen
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen
Pa tann anyen k pap janm vini
Jouk lespwa tchovi yo fini
Gon w bann Ton Nwèl
Ki pou fè Nwèl bèl
Nan peyi mwen