M'ap vini (Haitian music)

Lyrics: Rideka Jacques Music: Rideka Jacques Rideka – Map Vini
Ou konnen'm konnenw konnen'm Tout sak nan kè'm, tout ti sekrè mwen Depi'w pwoche'm van soufle Zèl mwen gran louvri poum vole Ou konn ki bouton k'ap dekole'm (ayyayay) Ou konn kijan pou'w pilote'm (ayyayay) Cheri m' pa nan lago kache fòk nou kite santiman'n pale Ou konnen byen depi'w rele'm (ayyayay) Pa gen anyen k'ap ka rete'm (ayyayay) Depi'w bezwen'm annik rele mwen Depi'w rele'm
Cheri m'ap vini M'pap fè w' tann m'ap vini Menm lè mwen ap sot lwen M'ap vini Anlè m' ye m'ap vini Sou tè m'ap retounen M'ap vini Menm si w' wè tan pare Menm lè lapli tonbe M'ap vini doudou , m'ap vini pou ou
Ou gouvène lespri'm sou ou sèl li poze Ou fin gate mwen nan di'm bèl ti koze Ou s'on pwomès yon zetwal fè'm avan'l file Lanmou s'on je zegwi nou gen anpil fil pou'n file S'on lòt kouran k'ap travèse'm (ayyayay) Sansasyon sa jis depase'm (ayyayay) Depi'w bezwenm m'ap vin jwenn ou paske'w toujou la pou mwen doudou Doudou kite'm briye nan fènwa ou M'ap vini, m'ap vini vin jwenn ou
Chak tan'w rele'm kè'm fè ( hou ayy ) Lè'm pral kote'w kè'm fè (Ayyayay) Chak tan'w rele'm kè'm fè ( hou ayy ) Lè'm pral kote'w kè'm fè (Ayyayay)