Lyrics: Rideka Jacques
Music: Rideka Jacques
Rideka – Map Vini
Ou konnen'm konnenw konnen'm
Tout sak nan kè'm, tout ti sekrè mwen
Depi'w pwoche'm van soufle
Zèl mwen gran louvri poum vole
Ou konn ki bouton k'ap dekole'm (ayyayay)
Ou konn kijan pou'w pilote'm (ayyayay)
Cheri m' pa nan lago kache fòk nou kite santiman'n pale
Ou konnen byen depi'w rele'm (ayyayay)
Pa gen anyen k'ap ka rete'm (ayyayay)
Depi'w bezwen'm annik rele mwen
Depi'w rele'm
Kè
Cheri m'ap vini
M'pap fè w' tann m'ap vini
Menm lè mwen ap sot lwen
M'ap vini
Anlè m' ye m'ap vini
Sou tè m'ap retounen
M'ap vini
Menm si w' wè tan pare
Menm lè lapli tonbe
M'ap vini doudou , m'ap vini pou ou
Ou gouvène lespri'm sou ou sèl li poze
Ou fin gate mwen nan di'm bèl ti koze
Ou s'on pwomès yon zetwal fè'm avan'l file
Lanmou s'on je zegwi nou gen anpil fil pou'n file
S'on lòt kouran k'ap travèse'm (ayyayay)
Sansasyon sa jis depase'm (ayyayay)
Depi'w bezwenm m'ap vin jwenn ou paske'w toujou la pou mwen doudou
Doudou kite'm briye nan fènwa ou
M'ap vini, m'ap vini vin jwenn ou
Chak tan'w rele'm kè'm fè ( hou ayy )
Lè'm pral kote'w kè'm fè
(Ayyayay)
Chak tan'w rele'm kè'm fè
( hou ayy )
Lè'm pral kote'w kè'm fè
(Ayyayay)