Music: Wilguens Exumé/Marc Gregoire Donna
Lyrics: Wilguens Exumé
Kisa ki fè w santi w ou men m
Ki fè w sanble avè m
Kote w dwe ye pou ou pa lwen m
Si w Pa nan kè m
Pouki sa k fè valè mwen
Men m avè w se yo nou meprize
Bouchon madichon bouche zòrèyann
N pa tande Rèl Kilti
Pil valè n ap fin
Nwaye nan basen imitasyon
N pa konn kiyès nou
Ye se zam lòt yo sèvi
Pou montre n enferyè èh
Nan chèche vin eklere
Nou pèdi, gou bouch nou
Nou bliye si lè n sanble nou pi fò
Louvri kè n pou n tande Rèl Kilti
Kote n pral jwenn fyète a
Kisa k pral montre sa nou vo
Pèdi idantite n si Lakilti n efondre
Kote n pral jwenn fyète a
Kijan n pral kenbe tèt nou wo
Pèdi idantite n
Si Lakilti n efondre
Kisa ki fè mwen santi m moun
Moun respekte m antanke moun
Se paske mwen gon w idantite
Kilti m se sa ki fè fyète m
Fyète m se pèsonalite m
Se pèsonalite m ki fè m moun
Lòt sant nou pran fè n pèdi
Sans zafè lòt nasyon
Ki fè n pantan
Kilti n kriye nou antere
L tou vivan anh
Nan bòl zòt nou prè
Pou n foure dwèt nou
Si m di n visye n'a eskize
M se Rèl you kilti k blese eh
Nan bòl zòt nou foure
Dwèt kòmsi se te pa nou
Nou prèske pa tande
Rèl you Kilti k blese
Kote n pral jwenn fyète a
Kisa k pral montre sa nou vo
Pèdi idantite n si Lakilti n efondre
Kote n pral jwenn fyète a
Kijan n pral kenbe tèt nou wo
Pèdi idantite n si Lakilti n efondre